top of page

Ekip Pam

Nan Kominote Ech@nj

Kijan pou ou patisipe 

Tèm ak kondisyon (Klike avan ou kontinye)

Atansyon ! Sèvis sa'a rezève sèlman pou divètisman manm Kominote ech@nj, ak pou pèmèt yo ogmante pwen rekonpans yo, sèlman nan Peyi DAyiti. Li se yon similasyon sèvis paryaj spòtif sou entènèt, e li pa gen okenn vokasyon pou ankouraje paryaj pou lajan. Kominote ech@nj pa ni vann ni achte pwen Zetwal ak manm li yo. Kominote ech@nj, ni okenn manm li yo, oswa administratè, gen dwa resevwa lajan nan men moun pou paryaj ke yap fè. Paryaj yo ap fèt ak pyon ki rele Boul. Sèl valè Boul yo se pèmèt klasman nan mitan patisipan yo. Boul yo paka konvèti ni an lajan, ni an pwen rekonpans, ni an okenn atik ki vo lajan. Pa patisipe nan konkou nou yo si ou rezide nan yon peyi, oswa yon rejion, koté li entèdi pou ou fè paryaj sou tout fòm, memsi se ak pwen oswa pyon! Pran swen pou ou li tout lòt tèm ak kondisyon konsènan itilizasyon sèvis sa'a.

bottom of page